Cadelouse Pierre
| Nesans | |
|---|---|
| Nasyonalite | |
| Domisil | |
| Aktivite |
Cadelouse Pierre, piblik la konnen sou non sèn Cadou, se yon chantèz ayisyèn ki fèt [1].
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Cadelouse Pierre, piblik la konnen sou non sèn Cadou, se yon chantèz ayisyèn ki fèt 8 out 1993 nan Pòtoprens, nan Lopital Jeneral. Non li soti nan konbinezon non paran[2]li yo : Cadet, papa li ki natif natal Baradè, ak Velouse, manman li ki soti Grand-[3]Goâve [4].Li grandi nan yon fanmi kretyen kote lafwa ak mizik te toujou okipe yon plas enpòtan.[5]Manman li se chantèz, sa ki pèmèt Cadelouse antre byen bonè nan chan. Se sitou[6]atravè aktivite legliz la li fè premye eksperyans li sou sèn, kote li te kòmanse chante[7]depi li te timoun.
Nan mwa janvye 2008, li kite Ayiti pou al viv Ozetazini, kote li kontinye etid li pandan l[8]ap konstwi chemen pèsonèl li [9].
Karyè Pwofesyonèl
[modifye | modifye kòd]Sou plan mizikal, Cadelouse Pierre kòmanse mete non li an avan ak lansman[10]premye mizik solo li « Deeper » an 2017. An 2021, li kontinye ak mizik « Fanm », ki[11]vin konfime oryantasyon atistik li. Menm ane 2021 an, li antre an kolaborasyon ak gwoup Klass. Okòmansman,[12]patisipasyon li te fèt detanzantan, men se pandan peryòd pandemi Covid-19 la li vin[13]tounen yon manm aktif, kote li okipe pozisyon koris ak chantèz lead [14].
An 2023, li entèprete « M’ poko ap bay », premye mizik ofisyèl li avèk Klass.[15]Videyoklip la depase 6.5 milyon vizyalizasyon jiska 29 desanm. An 2024, li patisipe[16]nan mizik « Sere koze w », an kolaborasyon ak Kenny Haïti, toujou ak gwoup Klass.Toujou an 2024, Cadelouse Pierre resevwa yon twofe nan yon award show, nan[17]kategori Best Female Konpa Singer, yon rekonesans pou travay li sou sèn konpa[18]ayisyèn nan [19].An paralèl ak karyè mizikal li, li evolye tou nan domèn lasante. Li jwenn diplòm high[20]school li an 2012, vin Medical Assistant an 2016, obtni yon Associate Degree in Arts[21]an 2020, epi yon Associate Degree in Science nan swen enfimyè an 2024. Kounye a,[22]li ap travay kòm enfimyè e li gen pwojè pou kontinye etid li [23].
- ↑ « Cadelouse, la flamme de Klass » (in français). Retrieved 2026-01-21.
- ↑ « El Rancho comme témoin : Cadelouse Pierre affirme son empreinte musicale ». lenational.org/ (in anglais). 1970-01-01. Retrieved 2026-01-21.
- ↑ « Cadelouse Pierre, la voix féminine de Klass » (in français). Retrieved 2026-01-21.

- ↑ RÉDACTION, LA. « Carel In The Morning : Cadelouse Pierre entre musique, soins infirmiers et entrepreneuriat - Chokarella » (in anglais). Retrieved 2026-01-21.

- ↑ Osias, Stracy (2023-04-18). « Cadelouse : une voix féminine au premier plan, une grande première pour Klass – Belide Magazine » (in anglais). Retrieved 2026-01-21.