Aller au contenu

Boban Marjanović

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Boban Marjanović
Image illustrative de l’article Boban Marjanović
Jeneralite
Espò Baskètbòl
Biyografi
Nasyonalite espòtif Sèbi
Nasyonalite Sèbi
Nesans Gade epi modifye done yo sou Wikidata (37 ane)
Lye nesans Boljevac (d)
Wotè 222 cm
Peze 132 kg

Boban Marjanović[1] te fèt nan dat ki te 15 dawou 1988. Li se yon jwè baskètbòl sèb ki sòti i Zaječar nan Repiblik Sosyalis Sèbi a . Li jwe pivo .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Karyè Ewopeyen

[modifye | modifye kòd]
Boban Marjanović nan mwa desanm 2013.

Pandan sezon 2010-2011 la, li te ede Žalgiris Kaunas genye nchanpyona lityani an ak Lig Baltik la [2] .

Marjanović te jwe sezon 2012-2013 la avèk KK Mega Vizura nan Premye Divizyon Sèb la ak Lig Adriyatik la . Li te pi bon rebondè nan lig Sèb la, ak yon mwayèn 11.7 rebon pa match [2] . Li te MVP sezon regilye a tou.

Marjanović te siyen yon kontra de lane ak zetwal wouj belgrad nan Jiyè 2013 [2] . Nan mwa Desanm, li te nonmen pi bon jwè nan 10ѐ jounen sezon regilye Euroleague la ak yon evalyasyon 33. Nan 18 minit jwèt, li te make 25 pwen , 11 sou 13 nan tire, li te pran 11 rebon epi li te fè 3 pas desizif nan viktwa etwal wouj kont Lietuvos rytas [3] .


Marjanović te nomen nan senk pi gwo nan lig adriyatik la pou se 2013 - 2014 la ak koekipye li DeMarcus Nelson Dario sarić nan cibona zagreb, bogdan Bogdanović ak joffrey Lauvergne, nan partizan Belgrade. Pandan sezon regilye a, malgre tan jwe li te limite, li tè yon mwayèn 9.7 pwen pa match epi ak senk rebon.

Marjanović te eli MVP nan sezon sezon regilye chanpyona sèb la, men nan final la, klèb li a Red Star, ekip partizan te bat li ankò.

Nan mwa oktob 2014 la, Marnović te nonmenn pi bon jwè nan premye jou sezon regilye Euroleague la ak yon evalyasyon 30. Li te fè nòt 22 pwen nan 11 sou 14 nan chout epi li te pran 10 rebon nan viktwa ekip li a kont galatasaray. Li te tou pi bon jwè 7èm jou a, ak yon evalyasyon 24 pwen, 11 panye sou 13 ak 12 rebondisman, nan viktwa ekip li a.

Karyè l nan NBA

[modifye | modifye kòd]

Sann Anntonyo Espuz (San Antonio Spurs 2015-2016)

Nan dat 10 Jiyè 2015, li te rantre nan NBA a ak San Antonio Spurs yo, li te siyen yon kontra yon ane pou 1.2 milyon dola.[9] Li te jwe premye match li nan NBA nan dat 30 Oktòb nan yon viktwa 102-75 kont Brooklyn Nets yo, li te make sis pwen epi li te pran senk rebon. Nan dat 4 Desanm, yo te voye l nan Austin Spurs, afilye San Antonio nan D-League. Nan dat 6 Desanm, San Antonio te raple l, epi nan jou ki te swiv la, li te make 18 pwen sou 8 sou 10 nan yon viktwa 119-68 kont Philadelphia 76ers yo.[10] Nan dat 28 Desanm, nan yon viktwa kont Minnesota Timberwolves yo, Marjanović te fè yon kontribisyon enpòtan sou ban an, paske Tim Duncan te blese epi LaMarcus Aldridge te limite a sis pwen. Nan match sa a, li te make 17 pwen sou 7 tire sou 7 nan sèlman 14 minit jwèt pou ede Spurs yo genyen 101-95 epi pwolonje seri viktwa lakay yo a 27 match.[11]

De jou aprè, nan yon viktwa kont Phoenix Suns yo, li te vin premye jwè nan listwa Spurs ki te pran 12 rebon nan 15 minit oubyen mwens. Nan dat 21 janvye 2016, li te make 17 pwen epi li te pran 13 rebon, yon pi bon pèfòmans li nan karyè li, nan yon viktwa 117-89 kont Phoenix Suns yo. Nan dat 20 mas, li te reasignasyone nan Austin Spurs epi San Antonio te raple li de jou aprè. Nan dat 23 mas, li te make 19 pwen, yon pi bon pèfòmans li nan karyè li, nan yon viktwa 112-88 kont Miami Heat. Nan dat 13 avril, nan dènye match sezon regilye a, li te etabli yon lòt pi bon pèfòmans nan karyè li ak 22 pwen ak 12 rebon nan yon viktwa 96-91 kont Dallas Mavericks yo.

Ditwòyt Pistonns (Detroit Pistons 2016-2018)

[modifye | modifye kòd]

Nan dat 7 Jiyè 2016, Ditwòyt Pistonns yo te ofri l yon kontra twa zan pou 21 milyon dola.[12] Malerezman, Sann Antonio Espuz pa t aksepte òf la, epi Marjanović te ofisyèlman rantre nan ekip Pistons la twa jou aprè. 13]

Los Anndjolès Klipèz (Clippers de Los Angeles janvye 2018- fevriye 2019)

[modifye | modifye kòd]

Nan dat 29 janvye 2018, yo te fè yon echanj avè l nan ekip Los Anndjolès Klipèz ak Tobias Harris epi Avery Bradley, an echanj pou Blake Griffin, Willie Reed ak Brice Johnson.

Siksèz Filadèlfi (fevriye-jen 2019)

[modifye | modifye kòd]

Nan dat 6 fevriye 2019, yo te fè yon echanj ak Filadèlfi 76ers ansanm ak Tobias Harris epi Mike Scott, an echanj pou Wilson Chandler, Landry Shamet, ak Mike Muscala. Nan dat 23 mas 2019, pandan viktwa ekip li a kont Boston, li te make premye twa pwen li.

Dalas Mavriks (2019-2022)

[modifye | modifye kòd]

Nan dat 3 Jiyè 2019, li te siyen yon kontra dezan, 7 milyon dola, ak Dallas Mavericks yo.[15]

Nan dat 11 Mas 2020, nan dènye match NBA a anvan pandemi COVID-19 la, pandan yon viktwa kont Denver Nuggets yo, Marjanović te kòmanse nan plas Kristaps Porziņģis ki te blese. Li te make 31 pwen, pi bon nòt karyè li, epi li te pran 17 rebon, ki gen ladan 9 rebon ofansif (egalman pi bon nòt karyè li), nan 31 minit jwèt.

Ouston Wòkèts (2022-2024)

[modifye | modifye kòd]

Nan mwa jen 2022, yo te fè yon echanj ak ekip Houston Rockets yo, ansanm ak Marquese Chriss, Trey Burke, Sterling Brown ak 26yèm chwa nan draft 2022 a, pou jwenn Christian Wood.

Tounen l an Ewòp

[modifye | modifye kòd]

Nan mwa septanm 2024, Marjanović te siyen yon kontra yon ane ak Fenerbahçe, chanpyon Tik la. Marjanović te jwe 7 match chanpyona anvan Fenerbahçe te mete fen nan kontra li an desanm 2024.

Palmarès

[modifye | modifye kòd]
  1. Meday lò, Chanpyon Mondyal Anba-19 an 2007
  2. Meday lò, Chanpyon Ewopeyen Anba-20 an 2008
  3. Gayan Lig Baltik la 2010-2011

Referans

  1. Proballers. « Boban Marjanovic, joueur de basket » (in français). Retrieved 2025-11-30.
  2. 1 2 3 « CRVENA ZVEZDA adds center Marjanovic » (in anglais). Euroligue. 2 jiyè 2013.
  3. « Regular season Round 10 bwin MVP: Boban Marjanovic, Crvena Zvezda Telekom » (in anglais). Euroligue. 21 desanm 2013.