Benjamin Franklin
Nesans |
Boston |
---|---|
Lanmò |
(ak 84 ane) Filadelfi |
Nasyonalite | Ameriken |
Peyi nesans | Etazini |
Benjamin Franklin se yon fizisyen ameriken, nan peyi Etazini. Li fèt nan 17 janvye 1706 nan Boston, li mouri 17 avril 1790 nan Filadelfi. Li te yon nan moun ki ede ekri, e ki te siyen deklarasyon endepandans pou Etazini nan 1776. Epitou, li considere kom yon papa fondate Etazini. Se yon moun ki plis akonpli nan istwa ameriken : li te yon ekriven, fizisyen, politisyen ak diplomat.
Premyemen li te yon imprime nan filadelfi, li te plu connu pou almanak li ekri. Se li menm ki te premye pou montre kijan ke pouvwa elektrik mache pa yon foudre. Li te elu pou represente koloni Pennsylvani yo nan lonn nan Anglete. Yo te voye li pou al pale conteste kont taks Anglete te konn fe koloni yo peye. Li te tou premye ambasadè ameriken nan Frans.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Nesans li
[modifye | modifye kòd]Benjamin Franklin te fèt nan Milk Street nan Boston, Massachuset, nan 17 janvye 1706. Li te batize nan yon kay de rekont kretyèn ki rele Old South Meeting House. Benjamin se te pitit Josiah Franklin ak dezyèm madanm li ki te rele Abiah Folger. Papa li Josiah te konn fè savon ak balenn kòm metiye. En tous Josiah te genyen 17 pitit ak Benjamin te nimewo 15, e pi jèn nan gason yo. Josiah te vle voye Benjamin al lekòl lakay pastè yo men li pate gin ase lajan pou voye li lekòl pou 2 zan. Benjamin te ale nan lekòl ki rele Boston Latin school, men li pat jamm diplome. Li kontinye edikasyon li pa fe lekti. Malgre paran li te vle pou li arive travay nan legliz, yo rete edikasyon li lè li te gen 10 zan. Lè sa a li te kòmanse travay pou papa li, e lè li vin gen 12 zan, li vin ap travay avèk gran frè li ki rele James ap fè liv. Lè Benjamin vin gen 15 zan, frè li ya kòmanse yon nouvo jounal men li pat kite ti frè a ekri pou li. Benjamin menm, fè poz li se yon vèv ki rele "Madanm Silence Dogood" (silans fè byen), ak li kòmanse ekri lèt voye bay nouvèl la. Pesonn pat konnen ke se te Benjamin ki tap fè ruz et tout moun kòmanse pale de lèt yo. Gran frè a pat konten le li vin dekouvri ke se te frè li la ki tap fè poz yon vèv.
Lè li vin gen 17 an, Benjamin sove kite lakay paran li pou li ale Filadelfi nan Pennsilvani. Lè li rive la li travay pou kèk konpayi ki fè liv, men li pa janm satisfè ap fè liv. Aprè kèk mwa, pandan li tap travay li kontre gouvènè Pennsilvani, Sir William Keith ki konvenk li pou ale nan Lond pou al achete bagay pou fè yon nouvèl nan Filadelfi. Men lè li rive Lond, Keith pa kenbe pwomès li ya pou fè li gen yon nouvèl. Li rete a Lond jis lo li yon machann ki rele Thomas Deham ede li retounen Etazini nan lane 1726.
Nan 1727, Benjamin Franklin te gen 21 an, li kreye yon gwoup ki rele Junto. Se te yon gwoup atizan ak machann ki te vle fè byen pou tèt yo pandan ke yap fè byen pou kominote yo. Yon nan bagay ke Junto te konn fè se te li. Men, nan temp sa yo liv te chè anpil. Se pou sa manm gwoup la te kòmanse fè yon bibliyotèk ak pwòp liv pa yo. Men liv yo te genyen yo pat ase. Se konsa Franklin fè lide pou kreye yon bibliyotèk kote tout moun tap bay yon ti kob pou achete liv, ak tout moun tap ka itilize liv yo. Se konsa lide bibliyotèk la kòmanse nan Filadelfi. Se konsa tou Benjamin vini premye librè ameriken nan 1732. Okòmansman, liv yo te nan kay librè an men aprè sa yo vin mete yo nan dezyèm etaj nan yon kay ki rele Independance Hall. Nan 1791 yo fè yon batiman pou bibliyotèk la. Jodi a, bibliyotèk sa se yon nan pli gran bibliyotèk ak rechèch.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]- Sa li fè, piblikasyon li nan domèn konesans fizik li