Aller au contenu

Anique Sylvestre

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Anique Sylvestre, ki fèt nan Fort-de-France, li ekri anviwon dis zèv pou jèn ak de (2) woman, se yon ekriven Matinik. Anique Sylvestre se yon bibliyotekè Matinik e li te genyen de fwa pri Raphaël-Tardon pou de (2) kont li yo, anvan li te pibliye de (2) woman sa yo, "Eloya ou la vie et rien d'autre" ak "Que dansent les femmes-châtaignes" [1] .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Anique Sylvestre fèt Matinik, papa li se jounalis ak manman li ki se pwofesè lekòl. Li te ale nan inivèsite nan Linyon Sovyetik la, kote li te gradye ak yon diplòm nan istwa. Apre sa, li te kontinye ak yon metriz nan istwa ak jewografi nan "Sorbonne Paris-IV" [2] .

Apre li fin pase plizyè ane nan tèt medyatèk "Lamentin", li vin jere bibliyotèk "Schœlcher" nan Matinik.

An 2011, Anique Sylvestre te kòmanse nan ekriti woman ak zèv sa a " Eloya ou la vie et rien d'autre, éd. Jasor" [3] .

Dezyèm woman li a: "que dansent les femmes châtaignes", te nan bibliyotèk "Schoelcher" nan "Fort-de-France" nan okazyon yon sware literè [4] .

Nan lane 2018, li te pibliye premye biyografi li. An 2020, li te pibliye biyografi "Camille Sylvestre : contre l'oubli" kote li te vle onore papa l, yon aktivis kominis depi nan kòmansman an.

Zèv prensipal:

[modifye | modifye kòd]
  • Le Père noël au secours des enfants de Docie, album, éditions Desnel, 2005.
  • Twapat, le cheval à trois pattes, album, éditions Jasor, 2007. (coup de cœur du prix Raphaël-Tardon de littérature de jeunesse)
  • Lowitt, la grenouille qui danse, album, éditions Jasor, 2009. (prix R. Tardon de la littérature de jeunesse).
  • Cannelle et vanille, les deux mamies de Fifi, album, éditions Jasor, 2010.
  • Chère Solange,
  • Camille Sylvestre : contre l’oubli

Distenksyon :

[modifye | modifye kòd]
  • Prix Raphaël-Tardon la littérature de jeunesse (Pri Raphaël-Tardon pou literati pou timoun)

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Anique Sylvestre ». Babelio (in français). Retrieved 2025-03-06.
  2. Caraïbes, Mélanges. « Sylvestre Anique – MÉLANGES CARAÏBES » (in français). Archived from the original on 2025-01-26. Retrieved 2025-03-06.
  3. « Potomitan - Que dansent les femmes-châtaignes ». www.potomitan.info. Retrieved 2025-03-06.
  4. « L'inceste et la loi du silence sont au centre du nouveau roman d'Anique Sylvestre ». Martinique la 1ère (in français). 2015-06-27. Retrieved 2025-03-06.

Modèl:Portail