Alice Garoute

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche
Alice Garoute
Image illustrative de l’article Alice Garoute
Fonksyon militant
Nesans
Kap Ayisyen
Lanmò
Pòtoprens Ayiti
Nasyonalite Ayisyen

Alice Thézan, rele Alice Garoute, ki fèt an 1874 nan Kap Ayisyen (Ayiti) epi ki mouri 30 oktòb 1950 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon sifrajis ayisyèn ak yon konbatan dwa fanm ann Ayiti. Anvan li rann dènye souf li an 1950 li te mande pou yo mèt flè sou tonm li jou fanm Ayisyen resevwa dwa vote.[1]

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Paran li yo te fè pati rebelyon kont prezidan Lysius Salomon e kòm sa, fanmi an te egzile nan Kinstòn, Jamayik. Nan adolesan li, lè fanmi an te retounen ann Ayiti,[2] li te marye yon ti tan e li te gen de (2) tibebe ki te mouri.

Pandan fanm ann Ayiti tap goumen kont lokipasyon blan ameriken 1915-1934 la li te youn nan fondatè Ligue Féminine d'Action Sociale (Lig Fanm pou Aksyon Sosyal) nan lane 1934 ak prezidan lig sa a kòmanse an 1941. Li te plede anpil ak fè diskou pou dwa fanm nan Asanble Nasyonal la kote li te raple lejislatè yo ke Ayiti te siyen plizyè konvansyon sou zafè dwa fanm.[3]

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

Piblikasyon[modifye | modifye kòd]

  • 1951 : Congrès national des femmes haïtiennes : le Féminisme en marche

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. Manigat, Mirlande (2002). Être Femme en Haïti Hier et Aujourd'hui. Haiti: Université Quisqueya. pp. 280–287. ISBN 99935-2-041-1
  2. Sanders, Grace Louise (2013). Deep Blue Library U-Michigan, ed. « La Voix des Femmes: Haitian Women's Rights, National Politics and Black Activism in Port-Au-Prince and Montreal, 1934-1986 » (PDF). deepblue.lib.umich.edu. Ann Arbor, Michigan: University of Michigan. pp. 42–43. Retrieved 29 jiyè 2015. 
  3. Manigat, Mirlande (2002). Être Femme en Haïti Hier et Aujourd'hui. Haiti: Université Quisqueya. pp. 280–287. ISBN 99935-2-041-1

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]