Aller au contenu

Alfred Nobel

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Alfred Bernhard Nobel, te fèt 21 oktòb 1833 nan Stokholm, Syèd, e li mouri 10 desanm 1896 nan Sanremo, Itali, se te yon chimi, endistriyèl ak fabrikan zam Swedwa. Li te posede plis pase 350 patant syantifik pandan lavi li, ki gen ladan patant dinamit la, yon envansyon ki fè li vin popilè. Li fonde konpayi KemaNobel an 1871, epi li achte konpayi zam Bofors an 1894.Nan testaman li, li kite gwo richès li pou kreye Pri Nobel la. Eleman chimik nobélium nan te rele konsa an onè li[1].

  1. « Alfred Nobel » (in français). 2025-10-29.