Aller au contenu

Alejandro Robaina

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Robaina fèt nan Alquizar, e li te viv pifò nan lavi li nan rejyon Vuelta Abajo nan Pinar Del Rio, nan yon fanmi kap plante tabak depi 1845, espesyalman Leopoldo Robaina, ki soti nan zile Canary yo.

A laj de 10 an, li te fimen premye sigarèt li, epi an 1951 li pran kontwòl plantasyon an apre lanmò papa li Maruo Robaina. Li te yon pwodiktè endepandan menm apre revolisyon kiben an nan ane 1959, lè li anpil plantasyon te vin tounen koperativ leta. Non madanm li se Andresita. Yo te marye pandan plizye ane, e li te toujou kanpe bò kote l nan travay sou plantasyon tabak la nan rejyon Vuelta Abajo, pwovens Pinar del Rio, Kiba.

Nan yon entèvyou li te bay magazin Cigar Aficionado an 2006, Robaina te di li te negosye ak Fidel Castro, li te di konsa: "Fidel, mwen pa twò renmen koperativ yo ni fèm leta yo. Pi bon fason pou kiltive tabak, se nan fanmi." Fidel te vle l rantre nan yon koperativ, men li te reponn: " non"

Toupatou nan mond lan, li te vin tounen yon figi ki reprezante bon jan kalite sigar kiben. Li te resevwa vizitè, fanatik siga, eskpè, touris ki te enterese nan plantasyon li pou wè kijan li travay. Li te resevwa plizyè prim ak tit nan peyi Kiba pou travay li. Pa egzanp, nan mitan ane 1990 yo, gouvènman kiben rekonèt li kom pi bon kiltivatè tabak nan peyi a.