Alain Bauer
| Grand maître du Grand Orient de France (d) | |
|---|---|
| - | |
Simon Giovannaï (d) Bernard Brandmeyer (d) |
| Nesans | |
|---|---|
| Nasyonalite | |
| Fòmasyon | |
| Aktivite |
Criminologue, Jiris, professeur d'université |
| travay pou | |
|---|---|
| Direktè tèz |
Christian Vallar (d) |
| Sit wèb | |
| Distenksyon |
Alain Bauer se yon pwofesè kriminoloji Fransè, ki fèt 8 me 1962 nan 13 zyèm awondisman Pari a.
Li ekri plizè liv sou kriminalite. Li te konseye Michel Rocard, konsiltan prezidan repiblik fransè a Nicolasn Sarkozy ak minis Manuel Valls sou kesyon sekirite ak teworism, aprè l te konseye pou minis ki te vin avan Manuel Valls yo kòmanse depi sou Jean-Pierre Chevènement. Kèk sosyològ ak jiris kritike travay li sou sijè a, kote yo kritike validite syantifik yo.
Masonlòj, li te granmèt nan Grand Orient de France lan soti 2000 rive 2003. Li ekri yon yon trantèn liv sou franmason.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Sitiyasyon pèsonèl
[modifye | modifye kòd]Pitit Georges Bauer ak Monique Ejzenberg, Alain Bauer se yon desandan fanmi jwiv ki te nan mawon pou zafè pwogwòm nan Ewòp de Lès la. Li pase jenès li a Pari. Ak 15 zan, li antre nan Pati Sosyalis.
Li reyisi bakaloreya li gras ak lise Simone Weil ak Arago yo, epi vin franmason nan Grand Orient de France nan menm peryòd la.
Nan lane 1980, li te vin zanmi ak Manuel Valls (li se parenn dezyèm pitit gason l) ak Stéphane Fouks kote l rankontre yo nan Tolbiac. Asanm avèk yo li pataje menm konviksyon politik an favè Michel Rocard.
Edikasyon
[modifye | modifye kòd]Aprè yon fòmasyon nan syans politik (DESS politik piblik ak jesyon òganizasyon yo), Alain Bauer se pwofesè vakatè nan Institut d'études politiques de Paris ak Institut de criminologie nan université Paris II. Li fè kou aletranje tou (John Jay College of Criminal Justice nan Nouyòk, université de Pékin, Institut international pour la recherche sur le terrorisme nan Herzliya nan peyi Izrayèl) epi te manm konsèy administrasyon Institut de relations internationales et stratégiques (IRIS) rive fen 2009.