Adam Smith
Adam Smith (/ˈæ.dəm smɪθ/[N 1]), fèt 5 jwen 1723 nan Kikaldi li e li mouri 17 jiyè 1790 Edemboug, se yon filozòf e ekonomis ekosè e youn nan prensipal figi mouvman limyè ekosè an. Li se otè de (2) liv klasik ki se Théorie des sentiments moraux ak Recherches sur la nature et les causes de la richesse des nations, ki pibliye nan lane 1759 ak 1776. Li rete nan istwa mond lan kòm youn nan syantifik ki bay jarèt ak syans ekonomik modèn lan. Pwofesè filozofi moral nan Université Glasgow, Smith konsakre dizan nan lavi li liv sila richès nasyon yo ki prale enspire anpil gran ekonomis. Karl Marx rele yo « klasik yo » se ki pral poze gran prensip liberalism ekonomik yo.[1]
| Nesans |
5 jwen 1723 Kikaldi (Ekòs, Gran-Bretay) |
|---|---|
| Lanmò |
Edenboug (Ekòs, Gran-Bretay) |
| Nasyonalite | Ekosè |
| Peyi nesans | Ekòs |
| Aktivite prensipal |
Filozofi, ekonomi, moral |
| Fòmasyon | |
| Asandan |
| Mouvman | Liberalis klasik, lekòl klasik |
|---|
Zèv prensipal
Pifò ekonomis yo konsidere li tankou « papa ekonomi politik lan»; poutan genyen ki defini li tankou yon ekriven minè. Nou ka site Joseph Schumpeter oswa Murray Rothbard, pou yo zèv li yo pa gen anpil ide otantik ladan yo e ke anpil ladan yo pa chita sou bon baz syantifik.[2]
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Adam Smith se yon ekonomis Britanik ki te prans nesans nan 5 jen 1723 nan vil Kirkcaldy. [3]

Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]- Rechèch sou koz ak nati richès nasyon yo. (1776)[4]
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Toussaint, Eric (2009-06-03). « Adam Smith est plus proche de Karl Marx que de ceux qui l'encensent aujourd'hui » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ Prévost, Benoît (2001). « Adam Smith : vers la fin d'un malentendu ? ». L'Économie politique (in français) 9 (1): 101–112. ISSN 1293-6146. doi:10.3917/leco.009.0101.
- ↑ « Adam Smith » (in français). Retrieved 2025-10-12.
- ↑ Larousse, Éditions. « Adam Smith - LAROUSSE » (in français). Retrieved 2025-10-12.