Vodou

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Jeneral[edite | modifier le wikicode]

thumb|right Vodou se yon relijyon. Li genyen anpil rasin afriken. Relijyon Vodou a, pou nou menm ki Vodouizan, se premye relijyon sou latè Bondye. Pou tan, mo "Vodou" a jodi a kapab vle di twa bagay diferan :

  1. yon gwoup relijyon ki praktike an Afrik;
  2. yon relijyon ki praktike an Ayiti epi tou nan lot peyi;
  3. yon relijyon ki praktike a Nouvelle-Orleans nan leta Louisiana Ozetazini, ki gen kote li sanble ak Vodou ayisyen ak kote li diferan.

VODOU AYISYEN[edite | modifier le wikicode]

Rasin afriken Vodou Ayisyen an soti nan plizye nasyon, tankou Kongo, Ibo, Dawomen, Nago, ak lot nasyon. Vodou genyen tou, rasin Iwopeyan, komsi kwayans Katolik, ak seten lwa tankou Gran Brijit. Ak tout sa, genyen nan Vodou kek kwayans ki soti nan pep orijinal, moun Tayino ak Arawak.

Vodou Ayisyen se yon relijyon riche, avek yon teyoloji sofistike ak yon vi seremonyal byen bel, byen chaje ak significans. Pou diskite tout sa ki genyen nan Vodou ap pran tan, kidonk paj sa ap grandi pazapa.

Sa ki pi esentiel nan Vodou a se Bondye. An Ayiti, yon Vodouizan pa jamn di konsa, nap we demen, san li pa di tou, si Bondye vle. Gen anpil chante pou Bondye nan Vodou, gen seremoni tankou Aksyon de Gras ak lot seremoni, ki pou Bondye.

Apre Bondye se lwa yo. Gen plizye typ de lwa. Gen lwa Rada, lwa Petro, lwa lanmò yo tankou Baron, Gran Brijit, ak lwa Gede yo. Lwa Rada gen rasin nan tradisyon Dawomen ak Nago, lwa Petro gen rasin nan tradisyon Kongo ak lot gwoup Afriken. Lwa Mo yo gen manb nan tout nasyon sou te, paregzanmp Gran Brijit ki soti nan Anglete.

Gen lot kategori lwa, tankou lwa Danti, ki se lwa ansyen moun, moun aye lontan lontan. Gen lwa Bizango, ki sevi nan rit Sanpwel, ki la pou mete lod kote pa gen bon polis.

Chak lwa gen karakte ak manye pa l. Lwa La Siren abode tout moun tankou yon maman ke plen dafeksyon. Lwa Ogoun kap mande rum pou bwe, lwa Ti-Jean Petro gen dwa danse ak dife. An jeneral lwa pa maltrete moun, jouwe moun, egzije moun. Lwa konn chante, danse, manje. Lwa ap repon keksyon, lwa kap bay konsey, lwa kap eseye geri pwoblem nan ko moun. Lwa fe ke moun kontan. Si yon moun ta pran poz li gen lwa, epi lwa sa al jouwe elmi moun sa, sa pa lwa.

Lwa Ginen : se lwa ki soti Afrik ki vini Ayiti. Le pli souvan lwa sa yo pasifik, yo pa fè anpil dega.

Jou espesyal[edite | modifier le wikicode]

KALANDRIYE FÈT RELIJYON VODOU
DAT     MWA     SEREMONI
2-4     Janvye  Kase Gato
25      Janvye  Manje Tèt Dlo
16      Mas     Loko Davi
19      Mas     Legba/Sen Jozèf
20      Mas     Legba Zawou/Sen Lwi Klèmèy
27      Avril   Dan Wè Zo
29      Avril   Kase Kannari/Wet Mò nan Dlo
30      Avril   Manje Lè Mò
12      Me      Manje pou divès Lwa
18      Me      Manje pou Grann Aloumandya ou Grann Sentàn
20-21   Me      Simbi Blan
24      Jen     Sen Jan
28      Jen     Madan Ginen Sovè
25      Jiyè    Papa Ogoun/Sen Jak Majè
26      Jiyè    Grann Delai ak Grann Aloumandya
29      Jiyè    Mètrès Silverin/Mètrès Lòvana
25      Out     Dan Wè Zo/Sen Lwi Wa Frans
29      Out     O Dan Loryan
25      Septanm         Lwa Wangòl Mousondi
29      Septanm         Manman Aloumandya
30      Septanm         Mètrès Delai
30-31   oktòb   Agawou/Chante Mès
25      Novanm  Manje Yanm
10      Desanm  Ganga-Bwa
25      Desanm  Beni Nwèl-Sakrifis pou Kaplawou