Viris epatit B

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

thumb|200px|right Viris epatit B (VEB), se yon nan fanmi viris ke gen relasyon ak dna ki afekte fwa.

Siy ak Sentòm[edite | modifier le wikicode]

Siy ak sentòm yo mwens komen nan timoun ke adilt, sepandan oken sentòm ka rive.

Sentòm VIH enkli:

  • Jonis (ki rete pou 3-10 jou )
  • Lafyèv
  • Feblès nan kò/pa konfòtab
  • Maltèt
  • Doulè nan misk
  • Move apeti
  • Noze (Anvi vomi)/Vomisman
  • Doulè nan pati anwo vant
  • Gratèl sou po
  • Doulè Jwnenti/atrit
  • Piti Fonse
  • Poupou koulè pal oswa gri
  • Fwa ki fè mal oubyen anfle

Transmèt[edite | modifier le wikicode]

Enfeksyon VEB transmèt pa:

  • Sèks Vajinal, nan dèyè, oswa sèks sousad
  • Twou nan po (to piti anba po)
  • Pataje zegwi
  • Manman-à-Pitit

Risk faktè pou trape/devlope veb[edite | modifier le wikicode]

  • Kontak nan fwaye ak moun ki enfektè asnpil
  • Genyen plizyè sèks patnè
  • Gason ki fè sèks ak gason
  • Moun ki ejekte dwòg

thumb|400px|right

Complikasyon/Konsekans yo[edite | modifier le wikicode]

  • Nan prèske tout adilt VEB pwofon ka geri konplètman
  • Epatiat ravajan (serye) rieve nan 1 – 2%, ak motalite (Lanmò) yo to de 63-93%
  • Siroz di fwa
  • Epatoselilè karsinoma
  • Apeprè 10% de tout enfeksyon VEB pwofon pwogrese pou VEB kwonik
  • Nan tibebe (trape padan akouchman) apreprè 90% pwogrese pou VEB kwonik
  • Lanmò

Tretman[edite | modifier le wikicode]

  • Tretman pou VEB se sipòtif
  • Alfa entèferon, adefovir dipivoxil, ak lamivudine disponib pou trete kwonik VEB

Prevansyon[edite | modifier le wikicode]

  • Vaksen Epatit B
  • Itilize kapòt letèks tout tan lè w gen kontak seksyèl.
  • Fanm ansent dwe teste pou VEB
  • Pinga ou itilize dwòg pa enjeksyon, pataje segwi, serenj, glo oswa dwòg.
  • Si ou genyen VÈB pinga ou bay san, ògan, oswa tisi
  • Pa pataje atik pèsonèl ki ka gen san sou yo, i.e. razwa ak bwòs a dan.

Rekomandasyon vaksen[edite | modifier le wikicode]

  • Pran abitid vaksinasyon apati 0 rive 18 lane
  • Gason ki fè sèks ak gason (masisi)
  • Moun etewoseksyèl ki gen plizyè patnè seksyèl
  • Fanm ki nan banbòch seksyèl
  • Moun ki ejekte dwòg
  • Moun ke yo teste ki gen STD
  • Moun k'ap resevwa Dyalisis
  • Moun k'ap travay nan enstitisyon swen sante

Remak: Bwè alkòl ka fè maladi fwa an vin pi grav, jiskaske rive nan estad siroz, ki se kansè fwa a. [1]

Referans[edite | modifier le wikicode]