Pliton

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Pliton se yon planèt nen ki sitye nan senti Kipè a (Kuiper). Nan pase a, li konsidere tankou dènye planèt ki ap vire otou etwal Solèy nou an, men an 2006 linyon astwonomik entènasyonnal klase l tankou planèt nen. Pliton se pwototip yon nouvèl klas objè nan sistem solè a -- objè transneptinyen oswa plitowid.
Pliton prensipalman konpose nan wòch e glas metàn. Dyamèt li anviwon de twazyèm dyamèt Lalin nan. Yon jou sou Pliton dire 6,287 jou sou Latè a. Li genyen twa satelit : Charòn, Niks (Nix) epi Idra (Hydra).
Distans ant planèt la epi Solèy la chanje ant 29 e 49 inite astwonomik. Òbit li enkline e eksantrik anpil. Li pa vire otou Solèy la nan plan ekliptik, tankou tout lòt planèt yo, epi òbit li pa preske sikilè, tankou tout lòt planèt yo. Kidonk, pannan ant 14 e 20 an nan òbit li, li pi pwòch Solèy la pase Neptin. Men akòz eksantrisite òbit Pliton, òbit li pa janm kwaze òbit Neptin nan.
Li dekouvri an 1930 pa Clyde Tombaugh apre Percival Lowell te predi planèt la egziste. Li nonme apre bondye romen ki viv nan anfè epi apre Percival Lowell. Senbòl planèt la se ♇.
Sonn spasyal New Horizons lanse an 2006 pou fè eksplorasyon sistèm Pliton an. L a rive an 2015 apre yon vwayaj 6,4 miya kilomèt.

Galri imaj yo :

Wè tou : mitoloji