Pétion Savain

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye


« eboch »

Pétion Savain (Petyon Saven)
Ajoute yon foto nan bwat sa a}}
Fonksyon:Pent, Avoka, Ekriven ak jounalis
Etid:St. Louis de Gonzague, J.B. Damien, Ecole Nationale de Droit
Diplòm:Dwa (Ecole Nationale de Droit)
Elèv li yo:Xavier Amiama, Jean Richard Coachy
Eta sivil
Dat nesans:15 Fevriye 1906
Lye nesans:Pòtoprens
Peyi nesans:Ayiti
dat lanmò :1973 oubyen 1975
(Ayiti)
Nasyonalite : ayisyen
Zèv enpòtan:Yon liv yo rele La Case de Damballah (Kay Damballah), Mère et Enfant, e anpil tablo san tit.

Kèk remak
Nan lane 1939, Savain te ekri yon liv yo rele La Case de Damballah e se lè sa tou, li te kòmanse ekspoze anpil tablo li Kiba.

Anpil tablo Savain san tit, men nou rekonèt anpil tèm ki toujou parèt ladan yo. Se li menm ki te fè tablo machann ou byen sèn nan mache popilè. Stil sa vin kopye pa milye atis Ayisyen pou jis nan tan kounya. Li te konn pentire dans Afrikèn, seremoni Vodou, epitou sèn nomal de lavi nan Pòtoprens



Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Pétion Savain se te yon gro atis Ayisyen, avoka, profesè, ekriven ak jounalis. Yo konsidere li kòm youn nan premye pent Ayisyen ki te jwenn siksè e ke moun te vin konnen an deyò de Ayiti. Li reprezante youn nan pi gwo lidè nan Mouvman Endijèn ki te komanse an Ayiti nan lane 1920 yo ki te gen kòm objektif pou onore kilti Ayisyen an, rasin peyi a ki soti an Afrik ak valè peyizan yo. Konsyans sa te komanse fòme nan mitan atis yo sou Lokipasyon Amerikèn ki te komanse an 1919 paske yo te soufri anpil nan men blan Meriken an ki te trete yo kòm enferyè paske yo te rasis e ki pat bay kilti ayisyen ak sosyete a anpil valè.

Biyografi[edite | modifier le wikitexte]

Pétion Savain te fèt 16 Fevriye 1906 nan lavil Pòtoprens. Li te fè etid li nan lekòl St. Louis de Gonzague e li te premye aprann pentire nan lekòl vokasyon atis yo rele J.B. Damien. Misye te kòmanse pentire tablo pou lwazi, men se metye avoka li t'ap aprann pwofesyonèlman. Li jwenn diplòm inivèsitè li nan dwa an 1931. An 1930, te gen yon atis Ameriken nwa yo rele William Scott ki te ale an Ayiti, e lè li te rankontre Savain an 1931, li te ankouraje'l pentire sèn de lavi lokal Ayiti, fòklò, e lòt bagay sosyal. Se nan jan sa nou vin konnen non Pétion Savain e se stil sa ke plizyè ti atis a travè Ayiti toujou ap imite. Menm William Scott sa-a te entwodui Savain nan salon kote magazin yo te rele Revue Indigène te konn enprime. Jacques Roumain ki te yon gwo ekriven Ayisyen se te youn nan moun ki te fonde Revue Indigène, e magazin sa-a te an tèt Mouvman Endijèn ki te an fonksyonman nan lane ventèn jiskaske an lane senkantèn yo. Anpil lòt enpòtan ekriven Ayisyen kankou Jean Price-Mars, Phillipe-Thoby Marcelin, Pierre Marcelin, Emile Roumer, Carl Brouard te konn ekri ladan'l. Se konsa nou komanse vin rekonèt Savain kòm youn nan lidè Mouvman Endijèn lan ki te pran'l pou bi pou li te elve kilti Ayisyen an.

Nan lane 1935, yon atis yo rele Xavier Amiama te kite peyi'l nan Dominikani pou li etidye nan stidyo Savain. Ansanm, yo fè anpil ane ap pentire e aprann nan men lòt. Nan lane 1941, li kite Ayiti ale Nouyòk pou li ale etidye penti miray avèk Jean Charlot, stil klasik yo rele tempera ou byen tranpe nan ze (An Franse: détrempe à l'œuf) avèk Stephane Hisch, e teknik grave planch ou byen bwa nan men John Taylor Arms nan New York Art Students leage. Lè li tounen Ayiti, li pwodui anpil tablo e de 1950 a 1956 te ekri yon kolòm nan yon jounal. Dat li mouri an pa vrèman sètan. Pifò moun kwè se lane 1975 li desede, men gen sous ki plase li mouri anvan sa nan lane 1973.

Zèv li yo[edite | modifier le wikitexte]

An 1939, Savain te ekri yon liv yo rele La Case de Damballah e se lè sa tou, li te kòmanse ekspoze anpil tablo li Kiba. Liv sa-a pat tradui an Anglè, men te popilè an Ayiti paske li te youn nan premye liv ki te eksplore kilti peyizan an, seremoni vodou ak lavi moun nan provens.

Anpil tablo Savain san tit, men nou rekonèt anpil tèm ki toujou parèt ladan yo. Se li menm ki te fè tablo machann ou byen sèn nan mache popilè. Stil sa-a vin kopye pa milye atis Ayisyen pou jis nan tan kounya. Li te konn pentire dans Afrikèn, seremoni Vodou, e sèn nomal de lavi nan Pòtoprens. Sijè tablo li yo preske se tout fanm yo ye.

Liv[edite | modifier le wikitexte]

  • La Case de Damballah
  • Les Œuvres Nouvelles

Tablo[edite | modifier le wikitexte]

Tablo Petion Savain vann nan plizyè galri a travè latè ak anpil gwo zanchè. Enpe tablo li te pentire:

  • Trois femmes (Twa fanm)
  • Mère et enfant (Manman ak pitit)
  • Market scene (Sèn nan mache) series
  • Maternité (Matènite)
  • Deux femmes (De fanm)
  • Les Vendeurs (Machann yo)
  • Boy with yoyo (Tigason ak yoyo)
  • Market on the hill (Mache sou mòn)
  • Marchandes de Poissons(Machann pwason)
  • The Marahani
  • Housewives

Rekonpans ak twofe[edite | modifier le wikitexte]

  • Meday IBM nan Treasure Island World's Fair
  • Yon trofe de Gallery of Science and Art an 1939
  • Yon trofe de Pan-American Airways an 1933

Referans[edite | modifier le wikitexte]

Pou konnen plis[edite | modifier le wikitexte]

  • ...poko