Nelson Mandela
Nelson Rolihlahla Mandela, tribi fanmi Non "Madiba a", li te fèt 18 jiyè 1918 nan Mvezo (yon pwovens ki nan Cap nan afrik sid la), epi li mouri 5 desanm 2013 nan Johannesburg (Gauteng), se yon politisyen Sid Afriken.
Li te youn nan lidè istorik nan lit la kont sistèm politik enstitisyonèl segrgasyon rasyal (apartheid) la, anvan li vin prezidan repiblik afrik sid la, soti nan lane 1994 pou rive lane 1999, apre premye eleksyon nasyonal ki pa segregasyonis nan istwa peyi a.
Nelson Mandela antre nan kongrè nasyonal afriken (ANC) nan lane 1943, nan lòd pou yo goumen kont dominasyon politik minorite blan ak segregasyon rasyal li enpoze. Lèl te vin yon avoka, li te patisipe nan lit san vyolans kont lwa apatheid yo, gouvènman pati nasyonalis la te mete an plas depi 1948.
ANC te te entèdi nan lane 1960 epi, kòm lit san vyolans lan pat bay rezilta ki konkrè, Mandela te mete sou pye epi, dirije branch militè ANC, Umkonto we Sizwe, nan lane 1961, ki menen kanpay sabotay kont enstalasyon piblik ak militè yo. Nan dat 5 Daout 1962 lapolis Sid-afriken an te arete l sou enstriksyon CIA a, epi kondanel nan prizon ak obligasyon travay fòse pou lavi padan jijman Rivonia. Depi lè sa a, li te vin yon senbòl batay pou egalite rasyal epi li benefisye sipò entènasyonal kap grandi.
Aprè vennsèt lane nan prizon nan kondisyon ki souvan difisil ak aprè li fin refize yo lagel pou rete nan lòd konsistan ak konviksyon li yo, Mandela te lage nan dat 11 fevriye 1990. LI enspire nan panse Ubuntu ke li te leve ladan an, Li sipòte rekonsilyasyon ak negosyasyon avèk gouvènman Frederik de Klerk. Nan lane 1993, kote li pral resevwa avèk li pri nobèl lapè paske yo te mete ansanm pou mete yon fen san vyalans ak rejim apartheid la epi plante fondasyon pou yon nouvo afrik di sid demokratik.
Aprè yon trazisyon difisil kote limenm ak de Klerk te eivite yon gè sivil ant sipòtè apartheid yo, sa yo ki nan ANC ak sa yo ki nan Inkhata a majorite zoulou Nelson Mandela te vin premye nwa nan afrik sid la nan lane 1994.
Nesans |
Mvezo |
---|---|
Lanmò |
(ak 95 ane) Johannesburg |
Nasyonalite | Sid Afriken |
Peyi nesans | Afrik disid |
Byografi
[modifye | modifye kòd]- Dat enpòtan yo
Referans
[modifye | modifye kòd]- Referans pou konnen plis anlè moun sa a ----