Lè (tan)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Lè (tan) se yon peryòd nan tan. Senbòl moun itilize pou yon lè se "h".

Definisyon[edite | modifier le wikitexte]

Genyen 60 minit oswa 3 600 segonn nan yon lè. Anplis, genyen 24 lè nan yon jou sou latè a.

Etimoloji[edite | modifier le wikitexte]

Mo "lè" a soti nan lang fransèz la (franse: l'heure) ki soti nan yon mo laten ("hora") ki soti nan yon mo grèk (grc)ὥρα.

Istwa[edite | modifier le wikitexte]

Nan plizyè sivilizasyon ansyèn yo, yon lè se te yon douzyèm pati nan peryòd ant leve solèy la e kouche solèy la. Longè yon lè t ap chanje toulejou paske longè solèy rete nan syèl la varye avèk sezon yo, setadi solèy la rete nan syèl la pi lontan nan lete pase nan livè. Ejipsyen, Endyen, Chinwa, Japonè, Women, Grèk e [[Jwif] nan tan biblik la te itilize sistèm sa a. Jou a te komanse avèk leve solèy la - se te lè "zewo". Kidonk, "midi" se te fin sizyèm lè a, e kouche solèy la te pase toujou nan douzyèm lè a.

Nan sistèm mòdèn, jou komanse toujou a minui, kidonk moun konte lè ki pase yo apre minui. Premye jou prentan an, solèy la leve a sizè et kouche a sizè tou.