Gonore
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
thumb|200px|right|Neyiserya gonoroeae koze gonore. Gonore se yon maladi koze pa bakteri, Neyiserya gonoroeae.
Kontni |
Siy ak Sentòm [edite]
Anpil endividyèl pa genyen oken sentòm. Si sentòm parèt, nòmalman yo vini 2-7 jou aprè ekspozisyon men li pran jiska 30 jou pou parèt vrèman.
Sentòm nan fanm enkli [edite]
- Abnomal ak/oswa ogmantasyon nan pèt nan vajen
- Sansasyon brili lè w ap fè piti
- Pipi souvan
- Doulè pandan w ap fè sèks
- Senyen nan ant peryòd règ mansyèl
- Iritasyon nan twou dèyè, i.e. gratèl, li fè mal, doulè lè w ale alasèl ak/oswa senyen
Sentòm nan gason enkli [edite]
- Pèt nan pijon
- Sansasyon brili lè w ap fè piti
- Brili oswa gratèl otou twou pijon an peni
- Tèt pijon an anfle oswa douloure
- Testikil douloure oswa anfle
- Iritasyon nan twou dèyè, i.e. gratèl, li fè mal, doulè lè w ale alasèl ak/oswa senyen
Transmèt [edite]
Enfeksyon Gonore transmèt pa:
- Sèks Vajinal, nan dèyè, oswa sèks sousad
- Otoinokilasyon (dechaj gason ki enfekte oswa dechaj nan bouboun andedan twou dèyè yon fanm)
- Manman ki enfektè pase sa bay tibebe pandan y ap akouche pa vajen
Complikasyon/Konsekans yo [edite]
Si enfeksyon Gonore an rete san trete ka lakòz pou:
- Maladi enflamasyon nan matris
- Esterilite
- Gwosès deyò iteris (nan tib)
- Doulè Kwonik nan matris
- Ogmantasyon risk pou trape enfeksyon VIH
Si enfeksyon Gonore an rete san trete, pandan gwosès ka lakòz pou:
- Akouchman avan dat (prematire)
- Pèt vizyon, enfeksyon nan jwenti, oswa yon enfeksyon maladi san ki tiye moun nan tibebe ki fenk fèt
Tretman [edite]
Tretman dwe enkli:
- Antibyotik (pli komen sefiksim oswa setryakson) ke yon doktè preskri
- Tretman apwoprye pou patnè an
Prevansyon [edite]
- Abstinans sou kontak seksyèl
- Tretman bonè pou STD (Maladi Transmèt Seksyèlman MTS)
- Itilize kapòt (kondom) tout tan, epi korèkteman nan yon fason apwoprye lè w ap fè sèks nan vajen, nan dèyè, oswa sèks sousad sou pijon
- Itilize kapòt (kondom) baryè tout tan epi korèkteman nan yon fason apwoprye lè w ap fè sèks sousad sou vajen oswa sou twou dèyè
- Evite kontak seksyèl avèk yon Patnè jiskaske tretman finn konplete
Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon [edite]
- Pran tout preskripsyon medikaman yo menm si ou sispann gen sentòm yo.
- Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte [1]