Enjenieri

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Yo defini enjenieri kòm aplikasion de konnesans siantifik e teknik pou rezoud problèm kòmen. Yon ekspansion definision sa dwe konsidere gran enpak politik e ekonomik sou desizion yon enjeniè kapab fè. Se yon sians ki mande anpil imaginassions, vizializasion, yon bon fondation sou sians fizikal (fizik, estatik, dinamik, materièl karakteristik, etc.), matematik, bon jijman, avèk abilite pou kontiniman entegre nouvèl teknologi avan de prodwi yon objè oubien prosès nesesè pou fasilite aktivite imen.

Pou mete l tou senp, travay yon enjeniè se « itilize benefis konesans siantifik pou rezoud problèm lòm ».

Nan sosiete modèn (e.g. yon gran site), moun viv an gouf, e sou yon baz pèmanan. Ki kreye yon sitiasion trè konplike. Premieman, li mitige resous lokal yo. Dezièm, anpil moun konsantre ansanm kiltive yon anvironnman kote salte kapab gonfle sou pil avèk pakèk. Twazièm, yon gran vil itilize anpil enègi. Nou kapab kontinie elabore sou pliziè lòt problèm toujou.

Pou rezoud problèm sa yo, yon enjeniè pa fokis senpleman sou analize ekzistan problèm sa yo, men kan li dekouvri yon problèm, li chache yon mwayen pou elege-l oubien elimine-l totalman. Enjeniè-a fè rout ki nesesè-a pou bay kiltivatè yon fason pou rapidman vini jwenn konsomatè k'ap viv nan vil la ; fè l posib pou kiltivatè-a ka pote prodwi-l vin’ vann nan mache. Li chache yon jan pou pote dlo bay tout moun nan vil la pa konstwi lign distribision nesesè e prè ase pou tout moun kapab trouve dlo. Li chache yon fason pou itilize hydrocab, hydroelektik, pouvwa van ou solèy, pou delivre pouvwa elektrik nesesè pou soulaje aktivite yon vil.

Travay yon enjeniè pli konplike ke sa toujou. Li konsiste plis ke chache yon mwayen pou rezoud problèm, avèk ofri posib solision. Pafra, sa se senpleman kòmansman. Wi, majorite plan projè enjenieri pran tan avèk yon ekip de patisipan pou reyisi. Men pou ekzekite plan mande lajan, negosiasion politik, taxasion, e pliziè lòt kalite kolaborasion.

Sipoze ou vle bati yon Sant Distribision de Dlo nan Pòtoprens. Kòm yon enjeniè, ou kapab bezwen topografi lokasion ki konsène-a, estatistik sou kantite moun nan k’ap bezwen dlo. Ou chita w fè tout kalkilasion ki nesesè pou etabli ki kalite tank ou bezwen, a ki elevasion-l sipoze ye, ki grosè fil distribision yo, ki pouvra ponp ki nesesè, si w menm bezwen ponp, etc. Men, aprè w fini tou detay sa yo, desizion-an pa desizion pa-w ankò. Ou sou pitie kliyan ki peye w pou fè travay la, si pou w jamè wè projè sa reyisi. Avèk plis kliyan w’ap travay, plis konplikasion problèm sa yo ka poze.

An nou di se gouvènman ki te ba w travay sou problèm sa. Menm anvan w kòmanse, gen problèm. Nan yon peyi kote dlo pòtab raman asèsib, kiyès ki deside ki kote k’ resevra dlo avan. Ki kote lajan ap soti : ou di tax. Kiyès k’ap peye-l, e konbien lajan.

Tout problèm sa yo nesesite ke yon enjeniè pa senpleman gen yon bon baz siantifik, men yon abilite pou travay ak, konprand, e bien kominike avèk kliyan ki ba l’ fè travay yo.