Distans

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl

Distans se yon mwayen pou dekri ak nonm oubyen chif konbyen lwen yon bagay ye de yon lòt bagay. Se mezi espas ki separe de (2) bagay. Distans ka dekri yon longè fizik, yon peryòd tan oubyen ankò yon estimasyon baze sou lòt kritè.

Distans se yon mezi simetrik : distans ant pwen A epi pwen B se egal ak distans ant pwen B epi pwen A.

Egzanp[modifye | modifye kòd]

  • Yon pòm e yon zoranj atè. Pòm sa a rete 5 mèt de zoranj an. Distans ant de (2) fwi sa yo se 5 mèt.
  • Jan ap mache vè lwès ak vitès 1 mèt pa segond. Si li ap mache pandan 60 segond (yon minit), li ap mache 60 mèt.
  • Won sa a se yon liy koub ki genyen yon sant. Tout pwen ki sou liy won sa a yo tout genyen menm distans de sant won sa a.

Deplasman[modifye | modifye kòd]

Deplasman se yon lòt bagay li resanble distans men ki diferan. Distans se yon mezi skalè. Li gengen sèlman yon manitid, li pa genyen yon direksyon. W pa ka jwenn distans negativ. Deplasman, se yon mezi vektoryèl. Li genyen yon manitid e yon direksyon. Deplasman, se mezi distans fèt ant pwen depa e pwen final sou yon liy dwèt.

Egzanp :

  • Yon pòm e yon zoranj atè. Pòm sa a li ye 5 mèt de zoranj sa a. Distans ant de frwi yo, li se 5 mèt. W kanpe touprè pòm e mwen ap mande ou pou pran zoranj ki la e pote li touprè pòm sa a. Ou kòmanse mache touprè zoranj, ou prann zoranj sa a nan men ou e pote li touprè pòm sa a. Distans ou fèt, se 2 x 5 mèt = 10 mèt, men deplasman ou fèt se zewo. ou te kite pòm e ou toune sou pòm sa a.

Prensipal inite distans[modifye | modifye kòd]

Distans se yon mezi ki pwimodyal nan Sistèm Enternasyonal inite (SE).

Mèt se prensipal inite nou itilize pou mezire distans ak deplasman. Limyè, ond epi patikil yo rele foton, ap vwayaje ak vitès sa : 299792458 mèt pa segond nan lespas. Definisyon ofisyèl mèt se distans limyè ap pakouri nan lespas nan 1/299792458 segond.

Lòt inite, ki trè itilize nan SE, se :

  • Kilomèt (km) ki mezire 1000 mèt. Distans ki separe de (2) vil ka mezire an kilomèt.
  • Milimèt (mm) ki mezire 0.001 mèt. Ou ka mezire otè pyès kob an milimèt.
  • Mikwomèt (µm) (0.000001 mèt). Doktè ka mezire longè bakteri an mikwomèt.
  • Nanomèt (nm) 0.000000001 mèt. Fizisyen ka mezire longè atòm an nanomèt.

Inite ki pa nan SE[modifye | modifye kòd]

Nan lavi tou lè jou, ou ka ajoute inite sa yo ki pa utilize nan SE :

  • Santimèt (cm) ki mezire 0.01 mèt. Ou ka mezire grandè yon liv nan santimèt.
  • Desimèt (dm) ki mezire 0.1 mèt.
  • Dekamèt (dam) ki mezire 10 mèt.
  • Ektomèt (hm) ki mezire 100 mèt. Kous sprint ki ka kouri nan Je olenpik (100 m) se yon ektomèt yo kouri.

Astwonòm, pou evalye distans ant etwal, yo itilize inite ane-limyè (AL) ki vle di distans la limyè ap pakouri nan yon lane. Ekivalans :

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]