Dany Laferrière

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
(Depi paj redireksyon « Dani Laferyè »)
Dany Laferrière
Image illustrative de l’article Dany Laferrière
Nesans (70 ane)
Pòtoprens
Nasyonalite ayisyen, kanadyen

Windsor Klébert Laferrière, ki rele tou Dany Laferrière, se yon ekriven, kwonikè ak senaris ameriken (kebekwa-ayisyen-etazinyen). Li fèt Pòtoprens (13 avril 1953), ap viv ant Monreyal ak Pari. Li ekri nan estil biyografik.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Li fèt nan Pòtoprens, 13 avril 1953, Dany Laferrière pase anfans li nan Tigwav ak grann li, Da (yon figi enpòtan nan travay li), kote manman li, Marie Nelson, voye li bay grann li pandan te gen kat (4) lane li te pè pou li pat viktim sou rejim François Duvalier (Papa Doc), paske papa li, Windsor Klébert Laferrière te (majistra nan Pòtoprens, e li te sekretè adjwen nan leta pou komès ak endistri), an egzil nan Kebèk.

Nan laj onz (11) ane, li tounen tounen al viv avèk manman li nan Pòtoprens, kote li te ale nan lekòl segondè. Aprè sa, li te vin kwonikè kiltirèl nan jounal Le Petit Samedi Soir nan Radyo Ayiti-entè. Sou 1e jen 1976, zanmi li, Gasner Raymond, ki te jounalis menm jan avèk li, lè sa li ki te gen ven-twa (23) zan asasine pa tonton makout yo. Aprè evènman sa, li te pè paske li te sou"lis la"tou li te kite près Ayiti a li ale Monreyal,li pat enfòme pèson'n, sof manman'l li te kite nan lane 1979, li tounen tounen li aprè sis (6) mwa nan Pòtoprens, kote li te rankontre Maggie madanm li avèk li gen twa (3) pitit fi – premye a se Melissa li te fèt nan Manatann, kote Maggie te rete, de lòt yo se Sarah ak Alexandra ki fèt nan Monyeral.

Lè yo rive nan Monreyal nan mwa jen 1976. Li te viv nan (Rue Saint-Denis) yo te travay nan izi'n, jouk mwa novanm 1985, dat li pibliye premye woman li a, ki gen tit ki jan ou fè Lanmou ak yon nèg nwa san fatige (Comment faire l’amour avec un Nègre sans se fatiguer), ki bali yon popilarite san pèdi tan. Jacques W. Benedict jwe fim ak li an 1989,sa bri san konte yo te tradwi'l nan plizyè lang. Imedyatman, li te travay pou estasyon televizyon kòm yon kroniker, e tou kom moun kap anonse lè lanati ap fè bon tan ak move tan sa yo rele (météo).

Soti nan lane 1990 li te al rete nan Miyami ak fanmi li. Li te toujou kontinye ekri, aprè sa li te retounen Monreyal an 2002. Nan ete 2007, li te pwopoze yon maten kwonik sou Radyo Kanada (apeprè 8:15). Kounye a li se yon kwonikè nan emisyon Marie-Lafrans Bazzo, Bazzo.tv, kote li gen Pòs editoryalis. Nan mèkredi 4 novanm 2009, li te resevwa yon pri Médicis.

Laferrière te ann Ayiti pandan tranblemanntè 12 janvye 2010. Madanm li te resevwa yon imèl nan ekriven an di li te an sekirite. Li tounen al jwenn Monreyal sou 17 janvye li te onore pa yo te rele Moun an 2009 pou Ane a nan Gala Ekselans près la La / Radio-Kanada.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

Woman ak istwa[modifye | modifye kòd]

  • 1985 : Comment faire l'amour avec un Nègre sans se fatiguer, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1987 : Éroshima, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1991 : L'odeur du café, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1992 : Le goût des jeunes filles, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1993 : Cette grenade dans la main du jeune Nègre est-elle une arme ou un fruit ?, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1994 : Chronique de la dérive douce, Montréal, VLB Éditeur.
  • 1996 : Pays sans chapeau, Outremont, Lanctôt Éditeur.
  • 1997 : La chair du maître, Outremont, Lanctôt Éditeur.
  • 1997 : Le charme des après-midi sans fin, Outremont, Lanctôt Éditeur.
  • 2000 : Le cris des oiseaux fous, Outremont, Lanctôt Éditeur.
  • 2004 : Comment conquérir l’Amérique en une nuit (senaryo), Lanctôt Éditeur. Fim (sinema) Dany Laferrière an 2004.
  • 2005 : Les années 80 dans ma vieille Ford
  • 2006 : Vers le sud
  • 2006 : Je suis fou de Vava, avèk ilistrasyon Frédéric Normandin
  • 2008 : Je suis un écrivain japonais
  • 2009 : La fête des morts, avèk ilistrasyon Frédéric Normandin
  • 2009 : L'Énigme du retour
  • 2010 : Un art de vivre par temps de catastrophe
  • 2010 : Conversations avec Dany Laferrière, entèvyou Ghila Sroka
  • 2010 : Tout bouge autour de moi
  • 2011 : L’Art presque perdu de ne rien faire
  • 2014 : L’Odeur du café, avèk ilistrasyon Francesc Rovira
  • 2013 : Journal d'un écrivain en pyjama
  • 2014 : Le baiser mauve de Vava, avèk ilistrasyon Frédéric Normandin
  • Discours de réception de Dany Laferrière à l'Académie Française
  • 2015 : Tout ce qu'on ne te dira pas, Mongo
  • 2016 : Mythologies américaines
  • 2018 : Autoportrait de Paris avec chat
  • 2019 : Vers d'autres rives
  • 2020 : L’exil vaut le voyage[1], edisyon Grasset, 18 mas 2020

Rekonpans[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

  • 2003 : Ursula Mathis-Moser, Dany Laferrière. La dérive américaine, Montréal, VLB Éditeur, collection "Les champs de la culture"
  • 2008 : Beniamin Vasile, Dany Laferrière: l'autodidacte et le processus de création (Dany Laferrière: otodidak la epi pwosesis kreyasyon), Paris, l'Harmattan, collection "Critiques Littéraires"

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]

  1. « « L’exil vaut le voyage », nous dit Dany Laferrière ». lenouvelliste.com. 22 avril 2020. Retrieved 23 avril 2020.