Atòm

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Atom elyòm

Atòm eleman debaz fondamantal ki konpoze tout matyè. (mo ki soti nan lang grèk ki siyifi endivizib). Atòm se eleman fondamantal de baz tout matyè ki egziste. Jeneralman, yon atòm fèt ak yon nwayo ki konpoze ak pwoton ak netwon ladan l. Nwayo atòm nan ki gen yon chaj pozitiv ladan li gen plizyè elektwon ki gen chaj negatif yo menm, k ap fè viwonn li vit vit. Chaj elektwon k ap fè laviwonn nwayo atòm nan sipoze balanse pou gen menm valè ak kantite pwoton ki nan nwayo a. Yon atòm vin estab lè li fè swa 'lyezon kovalant' swa 'lyezon yonik' nan asosye li ak lòt atòm. Atòm se pi pitit patikil yon eleman ki toujou konsève pwopriyete eleman an.[1]

Atòmgram Mas an gram mòl atomik yon eleman chimik.

Atomisite (nan domèn chimi) Kantite valè atòm ki nan yon molekil. (nan domèn ekonomi) Kondisyon òf ak demand ki egziste sou yon mache kote gen tèlman ase vandè ak tèlman ase achtè konsomatè sou mache a, youn pa kab enfliyanse fonksyònman mache sa a anfavè kan pa li pou pwovoke chanjman nan pri pwodui yo.

Atomik, 1. Adjektif pou sa ki gen rapò ak atòm. 2. Mas atomik: rapò mas atòmik yon eleman chimik parapò ak yon douzyèm mas eleman kabòn 12 la. 3. Nimewo atomik oswa Nonb atomik: Nimewo òd yon eleman chimik nan klasifikasyon peryodik eleman yo ki egal ak ni nonb elektwon li yo, ni nonb pwoton li yo.

Referans[edite | modifier le wikitexte]