Aéroports de Montréal

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Aéroports de Montréal
250px|center|
Jan Sosyete pa pou pwofi
Endistri Transpo Ayeryen
Kreye nan 1992
Biwo Prensipal Monreyal, Kebèk, Kanada
Pwodwi Ayewopò
Anplwaye 600
Sit Entènèt http://www.admtl.com/


Aéroports de Montréal (oswa ADM) se otorite ayewopò prensipal pou zòn Monreyal, Kebèk la. Li responsab pou tou de ayewopò entènasyonal Montréal-Pierre Elliott Trudeau , ak ayewopò entènasyonal Montréal-Mirabel. Se yon entrepriz prive pa pou fè pwofi ki pa bay aksyon oswa resevwa lajan gouvènman. Objektif li yo:

  • Bay bon jan kalite sèvis ayewopò pou rejyon Monreyal a
  • Ede devlopman ekonomik nan pou rejyon Monreyal a
  • Devlope bon relasyon avek antoure anviwonman

Istwa[edite | modifier le wikicode]

Avan lane 1992, gouvènman kanadyen te opere, kenbe ak devlope tout ayewopò nan Kanada ankli tout de Ayewopò Entènasyonal Pierre Elliott Trudeau (ansyen Dorval) ak Ayewopò Entènasyonal Mirabel. Nan lane 1987, gouvènman federal kanadyen an te devlope politik nasyonal pou bay sektè prive responsabilite pou operasyon, devlopman ak antretyen pou tout pi gwo ayewopò. Ayewopò ta rete pwopriyete gouvènman. Aéroports de Montreal te kreye pou kenbe ak opere tou de ayewopò Monreyal-Dorval ak Monreyal-Mirabel ak te pran responsabilite sa yo nan lane 1992.

Aéroports de Montréal te gen anpil defi lè sa a. Trafik ayeryen pou rejyon Monreyal te pataje ant de ayewopò lwen avek trafik entènasyonal nan Mirabel ak trafik domestik nan Dorval. Nan lane 1969, ayewopò Dorval te ayewopò pi okipe nan Kanada e gouvènman kanadyen deside pou konstwi yon lot ayewopò nan Saintte-Scholastique (Mirabel) pou akomode plis trafik ki te espere. Nan lane 1975, ayewopò Mirabel komanse operasyon ak tout vol entènasyonal te transfè nan Mirabel. Sepandan, paske kriz enèji de 1970 ak resesyon ki swiv, plis trafik pa vin. Epitou, nouvo avyon, Revolisyon Trankil nan Kebèk la, ak liberalizasyon nan trafik ayeryen fe Monreyal pèdi pozisyon li kom wout prensipal nan Ewop pou Kanada (Towonto pran posizyon sa).

Paske ayewopò yo se lwen, koneksyon de vol entènasyonal a vol domestik se difisil ak sa fe pwoblem pou endistri trafik ayeryen an. Epitou, fasilite nan tout de ayewopò bezwen devlopman ak envestisman.

Nan lane 1995, Aéroports de Montréal komanse modènize ak elaji fasilite nan Dorval ak amelyore enfrastrikti nan Mirabel.

Nan lane 1997, pou ede trafik ayeryen koneksyon yo ak kenbe pozisyon konpetitif pou Monreyal, Aéroports de Montréal kite konpani ayeryen chwazi ki ayewopò yo vle itilize. Depi Dorval se pi pre Monreyal, tout konpani ayeryen te chwazi Dorval pou opere vol ki pwograme.

Nan lane 2000, Aéroports de Montréal komanse yon gwo pwogram pou modènize ak elaji Dorval ankò. Aéroports de Montréal envesti $716 milyon dola kanadyen pou nouvo fasilite ankli yon nouvo téminal enténasyonal ak nouvo sal pou arive. Pwoje fini nan lane 2006.

Nan lane 2002, Aéroports de Montréal te transfé tout vol nan Dorval ak kite vol machandiz nan Mirabel ansanm ak vol prive.

Nan lane 2004, gouvènman kanadyen chanje nom Ayewopò Dorval a Ayewopò Pierre Elliott Trudeau pou onè premye minis ansyen an.

Òganizasyon[edite | modifier le wikicode]

Aéroports de Montrésl gen yon Konsèy d Administrasyon ki responsab pou jere Aéroports de Montréal. Gen 14 direkté avek 13 ki chwazi pa òganizasyon sa yo:

  • Gouvènman Kanada (de)
  • Gouvènman Kebèk (en)
  • Communauté Métropolitaine de Montréal (Gouvènman Metwopoliten d Monreyal) (senk)
  • Biwo d Komés pou Monreyal Metwopoliten (twa)
  • Konsèy d Administrasyon avek kontribisyon de Montréal International ak biwo d komés yo pou pi gran rejyon Monreyal (de)

Katozyem direkté se prezidan ak premye ofisye egzekitif pou Aéroports de Montréal ki chwazi pa Konséy la.

Pwoje Aktyèl[edite | modifier le wikicode]

Yon pwoje pou konekte Ayewopò Pierre Elliott Trudeau avek sant vil Monreyal nan tren vit se nan devlopman ak genyen priyorite. Epitou, Aéroports de Montréal sipo pwogram Aerogalerie ki vle bay ayewopò yon sans Monreyal ak vle sipo atis lokal.

Lyen Eksten[edite | modifier le wikicode]

Referans[edite | modifier le wikicode]